Getoyout lyrics
by D-Fi Powèt Revòlte
[Kouplè 1]
Getoyout gen responsablite pou ou pran
La rezon vin avan laj
Ou pa t fèt sèlman pou gang
La nou granmoun a douzan
Pouki sa rann ou fyè lè se bò tanp on frè w ou brake douz lan
Gad nan je manman w a rann ou kont pou ou se pa sa l vle
Pa di m se konsa sa ye, pwason fèt nan lanmè men l pa sale
Ou ka plis pou moun sispann pran w pou bòkyè
Pa vann diyite w menm si glèv grangou bò kè w
Onnen byen jwèt la gen règ li
Pi gran se pa nèg ki mèt tout blòk la men nèg ki rive mèt tèt li
Kenbe tèt ou wo
Menm si ou toujou sou men w
Grandi, ou pa t jwenn modèl ebyen tounen youn ou menm
[Refren]
Sampling (Donny Hathaway -Little Ghetto Boy)
Little ghetto boy
Playing in the ghetto street
Whatcha' gonna do when you grow up
And have to face responsiblity?
[Kouplè 2]
Toujou pou lanmou, mwen aprann ke sa pa vle di anyen si ou genyen tout byen latè men ou pèdi nanm ou
Timonnen pa ja
Gad vi Gito ou a konprann bonjou ou pa, lari a ap manje w menm si l pa djab
Gen nèg kap tirew jis paske l vle dann
Kite m diw ansanm nou ka soti jalouzi se bedann
Gad jan sa ye nan bren an
Pote boure sou lavi se dlo kò w kap benyen kò w
Ou ap pase tankou nway jwen an
Konbyen ki fini prizonye
Ki te pati pou diplome
Lari a manje konbyen ki fini dwoge
Lè ou anfas pwoblèm ke menm Einstein paka rezoud
Kouman pou ou pa pèdi vizyon lè 2 je w koud